top of page
Maison Philippe
Bourdon

Se te premye kay Pierre-Richard Villedrouin te bati an Ayiti. 
Li te fè plan kay la pandan l t ap fè etid li nan peyi Meksik. 
Lyen ak Meksik la te jwe yon wòl kle nan pwojè a. Youn nan pi bon zanmi l yo, Serge Augustin — ki t ap etidye nan Meksik tou — te prezante l bay bòfrè l la: Monod Philippe.  
Kay prive sa a, ki chita sou yon teren ki gen yon pant byen wo, te bay yon aperçu sou stil espesifik Villedrouin t apral devlope pita: fòm jewometrik ki byen make epi ki konekte youn ak lòt yon fason ki ann amoni, sa ki kreye espas ki laj e ki ofri yon efè sipriz.

© 2023 by emmaville.com with wix.com

bottom of page